Apre Lame d Ayiti te ranvèse Pwofesè Daniel Fignolé e voye'l an egzil Ozetazini, pou nou byen konprann sa'k pral pase pi devan, mwen kwè'l nesesè pou toudabò mwen fè pòtrè Jeneral Antonio Kébreau ak pòtrè Clément Jumelle. Apre sa, nou va fè pòtrè Agwonòm Louis Déjoie ak pòtrè Doktè François Duvalier, ki se kat moun sa yo ki te devan sèn politik la e ki t'ap fè kesyon an.
Antonio Kébreau
Thrasybule Kébreau ak madanm li, Thérèse Toussaint anvan maryaj, te gen sis pitit. Antonio, dezyèm pitit yo, te fèt Pòtoprens nan dat 11 novanm 1909.
Apre'l fin pase egzamen bakaloreya, Antonio Kébreau te antre nan Lekòl Apostolik pou'l al fè'l pè katolik. Sepandan, akoz maladi, li te oblije lage byen vit zafè monpè.
Nan dat 15 septanm 1930, Kébreau te antre kòm kadè nan Lekòl Militè blan meriken yo te louvri Pòtoprens anvan yo dezokipe peyi a nan dat 1ye dawout 1934. Apre trèz mwa fòmasyon, nan dat 15 oktòb 1931, Antonio Kébreau te komisyone aspirant ofisye.
Dapre sa nou aprann nan men pwòp fanmi li, okòmansman Kébreau pa t divalyeris. Li vin chanje lè youn nan pitit fi li yo, youn nan bèl sè li yo, epi sitou madanm li, te mete gwo presyon sou li. Yo te fè'l konprann kòman Doktè Duvalier te mache nan tout andeyò a pou'l al trete peyizan ki te gen pyàn. Se li sèlman, si'l vin prezidan Ayiti, ki pral fè pou pòv malere ansanm ak peyizan. Se konsa, yo tout te reyisi pran tèt Kébreau, ki finalman t'al jwenn Doktè François Duvalier.
Kòm nan tan sa a se Lame d Ayiti ki te fè epi defè prezidan, Kébreau lè sa a te pwomèt Duvalier kanmenm l'ap ba'l pouvwa a epi l'ap fè'l rive prezidan d Ayiti.
Kébreau ak Paul Magloire
Paul Magloire ak Antonio Kébreau te kadè nan Lekòl Militè ansanm. Se kamarad menm pwomosyon yo te ye nan Lame d Ayiti. Yo te tèlman bon zanmi, Magloire te batize youn nan pitit Kébreau yo.
Lè Magloire te deside fè koudeta pou ranvèse Prezidan Estimé, li t'al jwenn monkonpè'l Kébreau, e mete'l okouran. Kébreau te fè Magloire konprann ke, akoz nan lane 1948, pandan li te kapitèn, Prezidan Estimé te voye'l pran fòmasyon nan yon baz militè Ozetazini, par rekonesans li pa t kapab patisipe nan okenn konplo pou ranvèse Estimé.
Apre koudeta ki te ranvèse Prezidan Estimé nan dat 10 me 1950, Kébreau te pran pwomosyon nan dat 22 jen 1950. De kapitèn, yo te monte Kébreau majò. Yo te transfere'l Wanament. Sanble se pandan Kébreau te Wanament, li te vin devlope bonjan zanmitay avèk diktatè dominiken Rafael Leónidas Trujillo y Molina.
Apre sa, nan dat 9 janvye 1951, Kébreau te monte lyetnan kolonèl. De Wanament, yo te transfere'l Okap kòm enspektè militè pou Depatman Nò. La, Kébreau pa t genyen okenn twoup sou lòd li. Sèl sa'l te konn fè, se al vizite yon fwa an pasan kèk distri ak soudistri militè nan Depatman Nò.
Okap, Kébreau te tèlman pa genyen pou'l fè, prèske chak apremidi ou te ka wè'l chita Rue 11 F, ap bay blag devan magazen yon bon zanmi'l te genyen ki te rele Joseph Amary, oubyen anndan magazen yon lòt bon zanmi'l te genyen ki te rele Philoclès Andrieux.
Kwake Kébreau ak Paul Magloire te soti nan menm pwomosyon, sepandan Kébreau, ki te majò lè Kolonèl Magloire te monte prezidan an 1950, te senp lyetnan kolonèl lè Jeneral Paul Magloire tonbe nan dat 6 desanm 1956.
Se Jeneral Léon Cantave, lè'l te vin chèf deta-majò Lame d Ayiti sou Prezidan Pierre-Louis, ki rapidman, nan dat 4 janvye 1957, te monte Kébreau kolonèl epi voye'l Okay kòm kòmandan Depatman Militè Sid.
Se Okay Fignolé te al pran Kébreau e nonmen'l chèf deta-majò Lame d Ayiti pou ranplase Jeneral Léon Cantave ki, apre sa'k te pase nan jounen 25 me 1957, te oblije bay demisyon'l e lese Lame d Ayiti.
E kòm nou konnen deja, se menm Jeneral Kébreau sa a ki pral mete anbranl machin enfènal koudeta, e ranvèse Prezidan Daniel Fignolé apre li te pase sèlman 19 jou sou pouvwa.
Clément Jumelle
Clément Jumelle te fèt Sen Mak nan dat 16 novanm 1915. Papa'l te rele Théodore Jumelle, e manman'l te rele Clémence Ducasse anvan maryaj.
Alapapòt, fò'm di nou, nan twa kandida alaprezidans yo, Clément Jumelle se li ki te parèt te gen plis konesans ak plis eksperyans politik pou dirije peyi a.
Apre'l fin fè klas segondè'l an 1934, Clément Jumelle te antre nan Fakilte Dwa Pòtoprens, kote li te pran yon diplòm ki te pèmèt li egzèse pwofesyon avoka depi lane 1937 jouk rive lane 1943.
Apre sa, li t'al Ozetazini. Alòske'l t'ap fè taksi lajounen, nan aswè, li t'al lekòl toudabò nan Fisk University, kote'l te pran yon master's degree nan syans ekonomik ak nan sosyoloji. Apre sa, li te kontinye etid li. Li t'al nan Inivèsite Chicago, kote'l te espesyalize nan finans piblik. Jumelle te retounen nan peyi a nan lane 1947.
Gras a tout gwo diplòm sa yo li te ranmase nan peyi meriken, sa te pèmèt li okipe kèk gwo fonksyon nan Leta. Se konsa, depi lane 1947 jouk rive lane 1950, Prezidan Estimé te nonmen'l toudabò chèf sèvis Biwo Travay, apre sa direktè jeneral Biwo Travay.
Depi lane 1950 jouk rive lane 1956, pandan tout rèy Magloire, Jumelle te toudabò minis Travay ak Sante Piblik. Apre sa, li te vin minis Finans ak Ekonomi Nasyonal. Se Jumelle Magloire te konn mete nan tèt plizyè delegasyon ki te konn al reprezante peyi a aletranje e ranpli plizyè misyon espesyal pou gouvènman. Jumelle te marye nan dat 25 dawout 1951 avèk yon dam ki te rele Paulette Milfort.
Kòm Jumelle te wè kòman yo fè kanpay pou eleksyon prezidansyèl Ozetazini, se li sèl nan twa kandida yo, e pou lapremyè fwa nan istwa politik peyi d Ayiti, ki te parèt avèk yon ti liv ki te yon platfòm, kote'l te defalke nan onz chapit tout sa'l pral fè sizoka'l rive prezidan.
Nan platfòm sa a, li te detaye sa'l pral fè nan agrikilti, nan lapèch, nan elvaj, enèji elektrik, nan endistri, komès, nan wout, nan transpò maritim sou lanmè, nan vwayaj pa avyon, nan edikasyon, sante piblik, nan jistis ak sekirite sosyal, nan touris, nan finans, lajan Leta, e nan administrasyon peyi a.
Malerezman, kòm ansyen minis Finans sou Magloire, sou gouvènman pwovizwa Franck Sylvain, yo te lanse yon manda kont Jumelle. Gras ak aksyon yon ekip avoka solid, manda sa a pa t janm egzekite. Men kanmenm, sa te bay Jumelle anpil difikilte, e anpeche'l mennen kanpay li kòrèkteman nan tout peyi a.
Divizyon Politik ak Sosyal
Nou fin wè Antonio Kébreau ansanm ak Clément Jumelle. Kounye a, nou pral fè yon ranmase sou Agwonòm Ansyen Senatè Louis Déjoie. Apre sa, nou va wè Doktè François Duvalier.
An lagan, li bon pou nou konnen Louis Déjoie ak François Duvalier pa t nan menm klas sosyal. Se poutèt sa peyi a la menm pral twouve'l divize an de kan.
Yon bò, les forces du bien, ki vle di fòs moun debyen, se konsa yo te rele kan moun yo ki t'ap soutni kandidati alaprezidans Senatè Agwonòm Louis Déjoie, ki te milat. Nan kan sa a, ou te jwenn Katolik, moun ki gen po yo koulè kafe ole, gwo zotobre, gwo boujwa, moun zafè yo bon tankou gran komèsan ak gran endistriyèl.
Lòt bò, les forces du mal, ki vle di fòs malè, fòs fè nwa, se konsa yo te rele kan moun yo ki t'ap mache dèyè Doktè François Duvalier, ki li menm te moun nwa.
Fòk nou di, kòm medsen, Doktè Duvalier te kapab chanje klas sosyal e fasilman vin yon boujwa. Sepandan, li te refize chanje klas. Li te pito rete nan klas sosyal sa a ki nan mitan, e ki rele klas mwayèn.
Kòm nou pral wè, kestyon koulè nwa-milat sa a, ki depi 1804 boulvèse peyi d Ayiti, nan epòk eleksyon 1957 sa a, li pral reparèt ankò pi rèd. Se poutèt sa, pou nou byen konprann sa'k pral pase pi devan, mwen kwè'l nesesè pou'm fè pòtrè Agwonòm Louis Déjoie ak pòtrè Doktè François Duvalier, ki se de pi gwo aktè yo ki te devan sèn politik la, e ki sanse t'ap fè kesyon an.