Koleksyon› Paj Listwa: Istwa Ayiti› Gouvènman Prezidan François Duvalier (1957-1971)
Volim 11 · Chapit 5

Èske Duvalier te gen konesans mistik?

Chapit sa a egzamine istwa sou konesans mistik François Duvalier, relasyon li ak Lorimer Denis, Gwoup de Griyo, onomansi ak etnoloji.

Tab matyè
Chapit yo
  1. Volim 11 · Chapit 1Kiyès ki te Jeneral Antonio Kébreau? E kiyès ki te Clément Jumelle?
  2. Volim 11 · Chapit 2Kiyès ki te agwonòm Louis Déjoie?
  3. Volim 11 · Chapit 3Kiyès ki te Doktè François Duvalier?
  4. Volim 11 · Chapit 4Aktivite politik e tanperaman Doktè Duvalier
  5. Volim 11 · Chapit 5Èske Duvalier te gen konesans mistik?
  6. Volim 11 · Chapit 6Kanpay elektoral 1957
  7. Volim 11 · Chapit 7Eleksyon prezidansyèl
  8. Volim 11 · Chapit 8De 22 septem a 22 octob 1957
  9. Volim 11 · Chapit 9Premier jour, président du valier au pouvoir.
  10. Volim 11 · Chapit 10Tout d'abord Kagula, apre sa tonton makout.
  11. Volim 12 · Chapit 11Rencontre président du valier d'abord ak Clément Jumel,
  12. Volim 12 · Chapit 12General Kebro apre eleksyon
  13. Volim 12 · Chapit 13Duvalier pral kouri al genel Kebro
  14. Volim 12 · Chapit 14Apre General Kebo, di wale pal kouri ak Major Preswapier.
  15. Volim 12 · Chapit 15Se kounye ya, prezident Duvalier pa al gen problem
  16. Volim 12 · Chapit 16Sityasyon pral vin anko pi malouk
  17. Volim 12 · Chapit 17Premier invasion
  18. Volim 12 · Chapit 18SITUASYON APRE PREMIER INVASYON
  19. Volim 12 · Chapit 19Militien, Tonton Makout, Faudimanche, Clément Barbeau
  20. Volim 12 · Chapit 20Merin Merikè,
  21. Volim 13 · Chapit 21Tribulation la famin jumel
  22. Volim 13 · Chapit 22Chapit 22
  23. Volim 13 · Chapit 23Yon dezyam evasyon
  24. Volim 13 · Chapit 24di, mwen se met peyi ya,
  25. Volim 13 · Chapit 25Sityasyon ekonomik peyi
  26. Volim 13 · Chapit 26Program potekole
  27. Volim 13 · Chapit 27gwoze pou let yo ki nan ame da iti,
  28. Volim 13 · Chapit 28Di valye pou aleve kont pe, an san mak konseye franse l'eglise katolik yo ki nan pe iya.
  29. Volim 14 · Chapit 29Asasina Dokter Roger Rousseau
  30. Volim 14 · Chapit 30Arrestasyon Clement Barbeau
  31. Volim 14 · Chapit 31KOUMAN SISTEM EDUKASYON ANTEYE NAN PEYI YA?
  32. Volim 14 · Chapit 32Grev elev ak etudyan
  33. Volim 14 · Chapit 33Konsekans greve eleve ak etidyan yo pou peyi ya
  34. Volim 14 · Chapit 34MOUVEMENT KOMUNISTE
  35. Volim 14 · Chapit 35Du valye pal bay pou ap tete pal yo kou d'eta.
  36. Volim 14 · Chapit 36Jou de la Rekonnesse Nationale
  37. Volim 14 · Chapit 37Pozisyon gouvernement amerikain vis-a-vis du valier
  38. Volim 14 · Chapit 38Kouman situasyon pou alye apre sa?
  39. Volim 14 · Chapit 39Chapit 39
  40. Volim 15 · Chapit 40Divalye pou al liberer Clement Barbeau
  41. Volim 15 · Chapit 41Tentative Koudeta 14 Avril 1963
  42. Volim 15 · Chapit 42Clemant Barbo pa leve kampe kondivalye.
  43. Volim 15 · Chapit 43Babo pa leseye kidnapè Jean-Claude Duvalier.
  44. Volim 15 · Chapit 44Kitè plan Clément Barbeau?
  45. Volim 15 · Chapit 45Sa kite pase an vant tentative kidnapping Jean-Claude sa?
  46. Volim 15 · Chapit 46Kris diplomatik ant Haiti e la Republik Dominikèn
  47. Volim 15 · Chapit 47Komasman mwa me 1963
  48. Volim 15 · Chapit 48La jounen 15 me 1963
  49. Volim 15 · Chapit 49Jounal Le Nouveau Monde.
  50. Volim 15 · Chapit 50Jouman di valye fè pa tombe nan dat 15 me 1963?
  51. Volim 16 · Chapit 51Rezon ki fè du valye pa tombe nan dat 15 mai 1963
  52. Volim 16 · Chapit 52Mois de la reconnaissance nationale
  53. Volim 16 · Chapit 53Konseil Nasional de Devloupment et de Planifikasyon Konadep
  54. Volim 16 · Chapit 54Le mort Clément Barbeau
Vèsyon audio
0:00 --:--
Èske Duvalier te gen konesans mistik?

Chapit 5: Èske Duvalier te gen konesans mistik?

Valè pawòl ki pale sou degre konesans mistik Duvalier lakòz anpil moun kwè Doktè Duvalier te gran moun jouk yo fè'l mal. Ann wè toudabò enpe nan sa nou ranmase. Apre sa, n'a wè sa li menm ekri nan Mémoires d’un leader du tiers monde, ki se tit youn nan dènye liv Doktè Duvalier pibliye anvan'l mouri.

Lorimer Denis

Toudabò, nan sa nou ranmase, nou jwenn Duvalier te pase yon bon pati jenès li Bizoton. Li te ti jènjan lè li ansanm ak fanmi'l te kite Bizoton e yo t'al rete nan yon kay, Ri de Mirak, nan Port-au-Prince. Nan katye sa a, li te vin gen yon vwazen ki te rele Jean-Joseph Lorimer Denis.

Lorimer Denis, ki te fèt Okap, li t'al fini klas li kòm pansyonè Lise Pétion. Apre sa, li te antre nan Lekòl Dwa Pòtoprens, kote li te pran diplòm ki te ba'l lisans pou pratike pwofesyon avoka.

Lorimer Denis se te yon entelektyèl. Li te manm plizyè asosyasyon moun save nan Pòtoprens ansanm ak nan peyi etranje. Li te pwofesè nan plizyè lekòl segondè, e li te pwofesè nan Lekòl Nòmal Siperyè. Li te gen bonjan konesans mistik, e li te yon espesyalis sou tout sa'k gade Lafrik, tout sa'k gade folklò ansanm ak etnoloji.

Nan lane 1946, sou Prezidan Dumarsais Estimé, yo te nonmen Lorimer Denis direktè Biwo Etnoloji. Lè sa a, li te konn òganize gwo konferans nan Pòtoprens. Se Lorimer Denis sa a ki te kòmanse aprann Duvalier, ki lè sa a te jèn ti gason, tout sa ki genyen nan zafè folklò, kidonk tout sa ki genyen nan zafè vodou.

Apre sa, Lorimer Denis te vin tèlman makonnen ak François Duvalier, yo te ekri e pibliye plizyè liv ansanm. Anplis de sa, lè Duvalier t'ap marye nan Legliz Sen Pyè, Petyonvil, nan dat 23 desanm 1939, akote paran, parenn ak marenn, anndan legliz la te gen sèlman kèk moun ki te la kòm envite, e nan mitan envite yo, Lorimer Denis te la.

Lorimer Denis te mouri Pòtoprens nan dat 17 dawout 1957, de mwa senk jou anvan Doktè Duvalier prete sèman kòm 36yèm prezidan d'Ayiti.

Gwoup de Griyo

Kounye a, ann wè sa li menm ekri nan Mémoires d’un leader du tiers monde. Fòk nou di anpil moun konsidere liv sa a tankou yon testaman politik Duvalier te ekri anvan'l mouri.

Nan paj 141 ak 142 liv sa a, nou jwenn Doktè Duvalier ekri nan lane 1932, li menm te envite Lorimer Denis ansanm ak yon avoka nan Gonayiv ki te rele Louis Diaquoi pou monte ansanm avè'l yon gwoup yo te rele Gwoup de Griyo.

Fòk nou pa konfonn griyo sa a, ki ekri G-R-I-O-T, avèk griyo ki se vyann kochon griye. Mo griyo sa a se yon mo franse ki soti o Mali, yon peyi ki ann Afrik. Gason yo rele yon griyo, e fanm yo rele yon griyòt. Griyo ak griyòt yo se yon kategori moun ki gen bonjan lespri nan tèt yo e ki konn ale toupatou rakonte sa'k te pase nan tan lontan.

Wòl Gwoup de Griyo Duvalier te monte a se te rive makonnen pèp ayisyen ak Lafrik, e voye monte evolisyon, chante, dans, tradisyon, ansanm ak tout bèl bagay ki genyen nan vodou ayisyen.

Gason trè entèlijan, Duvalier se te yon moun ki aprann vit e li aprann byen. Lè Gwoup de Griyo a te monte nan lane 1932, Duvalier te yon jèn gason ki te gen sèlman ant 24 ak 25 an. Li te nan katriyèm ane Lekòl Medsin. Lè sa a, Duvalier te deja konsidere Pwofesè Lorimer Denis tankou yon frè espirityèl.

Li pa't pran tan pou Duvalier te santi'l vin gen tèlman konesans ke, toudabò, li te wè li menm ak Lorimer Denis te vin egal ego.

Apre sa, nan lane 1954, sou gouvènman Paul Magloire, te gen yon sikonstans kote Lorimer Denis t'ap tranble lè'l te vin wè Duvalier. Lè sa a, Duvalier, kè kal, mete Lorimer Denis chita e li di'l tèl bagay pou'l fè. Nou kwè epizòd sa a montre klèman, apati lane 1954, Doktè Duvalier te vin tèlman anfòm sou kesyon an, li te menm rive depase ansyen pwofesè Lorimer Denis.

Onomansi ak Etnoloji

Anplis de sa, Doktè Duvalier te gen konesans nan onomansi. Onomansi sa a se yon syans ki pèmèt moun ki pratike'l konnen ki nimewo ansanm ak ki dat ki ka pote yo chans. Pou Doktè Duvalier, se te 22. Se poutèt sa, tout gwo evènman ki te pase sou rejim Doktè Duvalier yo, yo tout te fèt nan dat 22. Konsa, chak ane, Duvalier te sanse monopolize prèske tout dat 22 ki genyen nan kalandriye a.

Toujou nan menm liv Mémoires sa a, nan paj 141, Doktè Duvalier ekri se li ki fonde Fakilte Etnoloji, e li te menm fè'l fè pati Inivèsite Leta d'Ayiti. Anvan sa, te gen yon Biwo Etnoloji ki te louvri nan Pòtoprens sou Prezidan Lescot, e se Jacques Roumain, yon gran entelektyèl ayisyen, ki te premye direktè Biwo Etnoloji sa a.

Mwen kwè pòtrè kat gwo aktè sa yo, Jeneral Antonio Kébreau, Clément Jumelle, agwonòm Louis Déjoie ak Doktè François Duvalier, te nesesè, e sa pral pèmèt nou konprann anpil nan sa'k pral pase pi devan.