Vetted
This transcription has been manually reviewed against the original audio. Minor errors may still be present.
Chapit 6: Kanpay elektoral 1957
Nan epòk sa a, peyi a te divize an senk depatman. Ou te jwenn Depatman Latibonit, Depatman Lwès, Depatman Nò, Depatman Sid ak Depatman Nòdwès. Se sou Prezidan Duvalier peyi a pral vin gen nèf depatman. E se nan lane 2005, sou gouvènman pwovizwa Boniface Latortue, peyi a pral vin divize an dis depatman.
Kan Déjoie
Ann wè toudabò kouman bagay yo t'ap mache nan kan Déjoie. An 1957, Déjoie lanse Pati Agrikòl-Endistriyèl Ayisyen, oubyen PAIN, ki se non yon pati politik li te monte pou ba'l bourad kòm kandida a la prezidans. Bèl gason, byen kanpe, pòtrè ofisyèl biwo politik Déjoie te mete deyò pandan kanpay la te fè'l sanble ak yon aktè sinema.
Sepandan, kòm lidè, akòz anpil fot li te komèt, byen vit li te klè pou anpil moun Déjoie pa't twò maton sou kouman yo fè politik nan peyi d'Ayiti. Se konsa, nan kòmansman kanpay la, Déjoie pral touye tèt li. Lè nan yon rasanbleman li te fè ak mas pèp Gonayiv, li fè yon vye deklarasyon kote li te pale de gwo zòtèy.
Lapoula, patizan Doktè Duvalier yo pran mo “gwo zòtèy” sa a, la menm yo defòme'l. E li pa't pran tan pou pawòl “gwo zòtèy” sa a te gaye nan tout peyi, kòm kwa Déjoie trete tout moun nwa de gwo zòtèy.
Malgre tout jefò Louis Déjoie te fè apre sa pou'l eksplike nan radyo sa'l te vle di, se ke baz kanpay li se mete yon politik ki pral vin kreye travay pou tout moun, li pa't rive kwape tout gwo dega defòmasyon sa a pral fè à la candidature officielle de Louis Déjoie. E depi lè sa a, youn nan pi gwo jouman ou ka fè yon Ayisyen se lè ou pèmèt ou di'l li se yon abitan gwo zòtèy.
Anplis de sa, te gen yon lòt vye pawòl dwòl biwo politik Déjoie t'ap fè sikile pou di: de 1946 jouk rive 1956, se te dis ane de recul social, kòm kwa gouvènman Estimé ansanm ak gouvènman Paul Magloire pa't remèt anyen au point de vue social pandan dis dènye ane yo. Ale de 1946 jouk rive 1956, peyi d'Ayiti pa't avanse. O kontrè, se pito bak ann aryè peyi d'Ayiti te fè.
Sipò Déjoie
Pou moun ki t'ap suiv kanpay la deprè, yo te wè kòm baz la famille Déjoie se Vil Okay, e madanm li te moun Jakmèl. Louis Déjoie te domine tout sa Sid peyi a.
Kan Déjoie te pretann yo gen bon kote pa yo: sipò Anbasad Ameriken, biznismann ameriken yo ki tabli nan peyi a, ak sipò Legliz Katolik. Anplis de sa, Déjoie t'ap byen mennen nan vil Pòtoprens, nan Depatman Nòdwès, ansanm ak anpil peyizan ki te benefisye anpil de kèk enstalasyon Déjoie genyen nan Laplenn Okay e nan zòn Saint-Michel-de-l'Attalaye nan Latibonit.
Au point de vue économique, manm biwo politik ansanm ak patizan Déjoie yo t'ap klèwonnen toupatou: si Déjoie vin prezidan, peyi a pral benefisye anpil. Non sèlman ansyen manm l’élite traditionnelle la pral reprann pouvwa, men sitou Déjoie pral etabli yon gouvènman teknokrat ki pral devlope agrikilti, remonte endistri nasyonal, sa ki pral deklannche yon epòk kote anpil biznismann ak anpil gwo endistriyèl etranje pral vin kreye travay e fè pwosperite blayi nan tout peyi.
Kòm ansyen prezidan Chanm Komès, Déjoie te gen anpil enfliyans sou gwo komèsan yo nan Port-au-Prince. Se konsa, pou nenpòt ti krik ti krak, Déjoie te konn monte nan radyo pou'l di an bon franse: “Je vais être obligé de décréter la grève générale.” E lè sa a, li sifi Déjoie monte nan radyo pou la menm pòt tout gwo magazen nan Port-au-Prince te kouri fèmen.
Kan Doktè Duvalier
Nou fin wè bò kote Déjoie. Ann wè kounye a kouman bagay yo t'ap mache nan kan Doktè Duvalier. Gras ak kèk lidè tankou Jean Bélizaire, Doktè Duvalier te genyen pou li plis pase 80% Depatman Nò. Li te devan, e li t'ap byen mennen nan Latibonit. Anplis de sa, Duvalier te genyen pou bò pa'l tout manm haut état-major Lame d'Ayiti.
Bon kou moun yo kite patizan Estimé, e sitou sa yo ki te benefisye de sa'k te rele Revolisyon 46 la menm, apre Magloire tonbe nan dat 6 desanm 1956, te gen yon gwo reyinyon ki te fèt nan Port-au-Prince ak anpil gwo bacha yo ki t'ap byen mennen sou gouvènman Estimé. Reyinyon sa a te fèt pou konnen ant Jean David ak Doktè François Duvalier kiyès nan de ansyen patizan Estimé sa yo yo pral sipòte kòm kandida a la prezidans. Apre diskisyon, yo te tonbe dakò pou sipòte toudabò Doktè François Duvalier, e apre manda Duvalier fini, lè sa a atò, yo a voye monte Jean David.
E la menm, patizan Doktè Duvalier yo fè gaye bwi nan tout peyi a: se Dumarsais Estimé li menm, anvan l'mouri, ki te di madanm li se Doktè François Duvalier li chwazi kòm sèl eritye pou vin kontinye pwogram politik li te kòmanse.
Madanm Estimé te kouri mete yon bèl voiture Buick deux tons, couleur bleu clair ak couleur bleu foncé li te genyen a dispozisyon Doktè François Duvalier. E Doktè Duvalier, kèlkeswa kote l'pase nan peyi, yo te toujou prese pou fè tout moun konnen se Madanm Estimé ki te mete bèl voiture sa a a dispozisyon Doktè Duvalier pou'l fè kanpay.
Apre sa, li pa't pran tan pou anpil Arab ansanm ak anpil patizan vin vide anpil lajan bay Doktè Duvalier pou'l fè kanpay. E se apati gouvènman Doktè Duvalier, Arab yo pral kòmanse rantre kò yo e foure pye yo byen fon nan zafè politik peyi d'Ayiti.
Anplis de sa, kan Doktè Duvalier te fè kouri bwi ke'l gen support manm yon misyon ameriken ki t'ap travay nan peyi a, ansanm ak Monseigneur Alfred Vauclique, ki te Monseigneur l’Église Méthodiste nan Port-au-Prince.
Slogan kanpay yo
An rezime, nan kan Agwonòm Déjoie tankou nan kan Doktè Duvalier, pa't genyen okenn plan devlopman ki te etale, ni okenn pwogram politik ki te bay detay sou kouman yo pral dirije peyi. Sa'k lakòz, pandan rès kanpay la, toulede kandida yo te kontinye ap fè bèl diskou an franse e voye monte menm slogan yo.
Pou Déjoie, se te toujou: “La politique de la terre, la seule, la vraie”; “Vote Déjoie, se vote travay.” E pou Duvalier, se te “Honnêteté administrative”, e li te kenbe li pral vin kontinye menm pwogram Estimé a, men se te yon “estimisme revu et corrigé”. Ki vle di, Duvalier pral fè bonjan revizyon nan pwogram Estimé a, e anplis de sa li pral korije'l.
Nan de kan yo, se konsa bagay yo te ye. E si jamè eleksyon an te fèt nòmalman, pèsonn pa konnen egzakteman konbyen moun ki t'al vote pou Doktè François Duvalier, ni konbyen moun ki t'al vote pou Agwonòm Louis Déjoie.