Koleksyon› Paj Listwa: Istwa Ayiti› Gouvènman Prezidan François Duvalier (1957-1971)
Chapit 2

Kiyès ki te agwonòm Louis Déjoie?

Chapit sa a retrase zansèt agwonòm Louis Déjoie, edikasyon li, karyè politik li, ak antrepriz pyonye li yo nan pwodiksyon lwil esansyèl anvan li te anvizaje kandida pou prezidan an 1950.

Tab matyè
Vèsyon audio
0:00 --:--
Kiyès ki te agwonòm Louis Déjoie?

Yo te bay Déjoie yon ti non jwèt. Yo te rele'l Bab Déjoie. Li te marye ak yon dam Jakmèl ki te rele Suzanne Boucard. Ansanm, yo te gen twa pitit: Maryse, Louis Junior ak Jessie.

Zansèt Déjoie

Pandan kanpay la, nan miting Déjoie te konn fè ak mas pèp la, li te konn pran tout yon plezi pou'l di: Premyèman, li kapab trase zansèt li jouk nan yon gran blan franse ki te rele Duc d’Ennery, ke peyi Lafrans te voye kòm gouvènè Sen Domeng nan tan lakoloni.

Dezyèmman, li kapab trase zansèt li a Nicolas Geffrard, ki te youn nan gran jeneral yo nan epòk zansèt yo t'ap batay pou endepandans peyi d Ayiti. E Nicolas Geffrard sa a te youn nan jeneral yo ki te siyen Akt Endepandans peyi d Ayiti nan Gonayiv, nan dat premye janvye 1804.

Twazyèmman, Déjoie te konn di li kapab trase zansèt li a Fabre Nicolas Geffrard, ki te vin prezidan d Ayiti depi mwa janvye 1859 jouk rive nan mwa mas 1867.

Edikasyon ak Kòmansman Karyè Li

Apre Déjoie te fin fè klas li nan Petit Séminaire Collège Saint-Martial Pòtoprens, paran'l te voye'l ann Ewòp al etidye agronomi nan yon vil inivèsitè nan peyi Bèljik ki rele Gembloux. An 1920, apre'l fin diplome kòm enjenyè agwonòm nan peyi Bèljik, Louis Déjoie te retounen ann Ayiti.

An 1924, nou jwenn agwonòm Louis Déjoie ap travay kòm direktè Lekòl Agrikilti ki, lè sa a, te yon kote ki rele Thor nan Pòtoprens. Apre sa, nou vin jwenn Déjoie ap travay kòm pwofesè chimi nan Lise Pétion e kòm chimis nan izin sik HASCO.

An 1945, Louis Déjoie te vin prezidan Chanm Komès Pòtoprens. Nan eleksyon ki te fèt an 1946, Louis Déjoie te pase yon premye fwa kòm senatè pou Depatman Sid. E nan eleksyon ki te fèt an 1950, apre ranvèsman Prezidan Dumarsais Estimé, Louis Déjoie te pase yon dezyèm fwa kòm senatè pou Depatman Sid.

Établissements Agricoles et Industriels Louis Déjoie

Louis Déjoie te yon gran endistriyèl. Li te louvri de sosyete anonim. Premye a te rele Établissements Agricoles et Industriels Louis Déjoie.

Baz premye sosyete sa a, Déjoie te etabli'l nan Sid, kote li te gen yon plantasyon kafe ak kakawo nan Plèn Okay, yon plantasyon vetivè nan Manich, ak yon plantasyon sitwonela nan Tòbèk.

Ebyen, li te konn sèvi ak rekòt sitwonela a ak rekòt vetivè a pou'l fè de kalite lwil esansyèl. Premye dekòtikaj la te konn fèt nan Sid. Apre dekòtikaj la, nan gwo kamyon, yo te konn transpòte premye pwodui yo nan yon gwo enstalasyon Déjoie te genyen Pòtay Leyogàn. Se la biwo santral Établissements Agricoles et Industriels Louis Déjoie te ye. E se la tou yo te konn distile e rafine premye pwodui yo pou fè yo tounen lwil esansyèl.

Apre sa, yo te vide lwil yo nan doum 55 galon e voye yo Ozetazini vann kèk konpayi ki te konn sèvi ak jan de lwil esansyèl sa yo pou fè pafen, losyon, ansanm ak plizyè lòt pwodui ki santi bon.

Patenarya ak Norda

Bagay yo pral chanje nèt ale pou Louis Déjoie lè, nan lane 1948, li vin pran kontak avèk yon blan ameriken ki te rele Doktè Kohl. Doktè Kohl sa a te prezidan Norda Essential Oil and Chemical Company of New York, ki nan tan sa a te pi gran konpayi lwil esansyèl ki te genyen Ozetazini.

Kòm sou mache ameriken an lwil esansyèl Louis Déjoie yo te siperyè a tout lòt lwil esansyèl ki te soti nan lòt peyi, Doktè Kohl pa t ezite avanse yon gwo mago lajan bay Louis Déjoie.

Se ak lajan sa a Déjoie te louvri, nan Débauché, yon seksyon riral Sen Michèl Latalay, ki se yon komin nan Depatman Latibonit, yon dezyèm sosyete anonim ke li te rele Anacoana Aromatics Company.

Sou 7,000 kawo tè, Déjoie te fè yon gwo plantasyon sitwonela. Sitwonela se yon sitwonèl ke li ye, men se twouve sitwonela gen pi bon odè e li pi swav pase sitwonèl òdinè.

Nan Débauché, Déjoie te louvri yon antrepriz modèn ki te 100 pousan mekanize. Anplis de sa, li te bati yon site pou anplwaye yo. Li menm louvri yon teren avyasyon.

Eleksyon 1950

Nan eleksyon ki te fèt nan lane 1950, Louis Déjoie te vle deklare'l kandida a la prezidans. E Ameriken an, Doktè Kohl, te pare pou'l mete anpil kòb dèyè'l pou finanse kandidati a la prezidans agwonòm Louis Déjoie.

Men byen vit, Déjoie te oblije rabat pretansyon'l lè'l reyalize depi sèlman katran, an 1946, yon gwoup entelektyèl nwa te deklannche nan Pòtoprens yon mouvman yo te rele Revolisyon 1946. Anplis de sa, ak Kolonèl Paul Magloire ki te deklare'l kandida a la prezidans, Déjoie te rekonèt nan eleksyon sa a, akòz revolisyon nwa ki te fèt nan lane 1946, mete ak kandidati Kolonèl Paul Magloire, li pa t gen okenn chans pou'l te pase kòm prezidan d Ayiti.

Sepandan, kòm endistriyèl, fòk nou rann omaj a Louis Déjoie, ki se premye Ayisyen natif natal ki te rive monte nan Sid ak nan Latibonit de gwo bèl sosyete anonim sa yo.