Koleksyon› Paj Listwa: Istwa Ayiti› Gouvènman Prezidan François Duvalier (1957-1971)
Chapit 3

Kiyès ki te Doktè François Duvalier?

Chapit sa a retrase orijin fanmi François Duvalier, anfans li, edikasyon li, karyè medikal ak sante piblik li, ansanm ak travay ki te fè yo ba li non Papa Doc.

Tab matyè
Vèsyon audio
0:00 --:--
Kiyès ki te Doktè François Duvalier?

Apre 1804, prestij peyi d Ayiti te tèlman wo, sa lakòz anpil moun te kite lòt zile yo ki nan Karayib la, e yo te vin viv ann Ayiti.

Se konsa Florestal Duvalier, granpapa François Duvalier, ansanm ak Duval Duvalier, papa François Duvalier, yo toulede te kite zile La Martinique, e yo te vin viv ann Ayiti.

François Duvalier te fèt nan zòn Bò Rivyè Fwad, toupre Kafou, nan Pòtoprens, nan dat 14 avril 1907.

Lè François Duvalier te fèt, li te yon timoun mèg; li pa t gwo.

Orijin Fanmi

Mémoires d’un leader du tiers monde se tit yon dènye liv Doktè Duvalier pibliye nan lane 1969, ki se tankou yon testaman politik li te kite anvan'l mouri.

Nan premye paj liv sa a, Doktè Duvalier voye monte byen wo, toudabò granpapa'l, mèt tayè Florestal Duvalier, ki depi'l timoun piti te aprann li e fè'l konprann istwa peyi d Ayiti.

Apre sa, li ekri bèl pawòl pou papa'l, Duval Duvalier, ke'l prezante toudabò tankou yon pwofesè, apre sa kòm yon jij de pè onèt.

Li te kontinye voye monte papa'l, ki gras ak kèk sòm li te konn li pou li nan Labib, te rive aprann li tout bèl bagay ki genyen nan lang franse.

Yo bay plizyè vèsyon sou kiyès ki te manman François Duvalier. Sepandan, nan mache chèche, nan fouye, nou fini pa tonbe sou kèk dokiman kote nou jwenn ekri manman'l te rele Ulyssia Abraham.

Se te yon moun zafè'l pa t tèlman bon. Li te pase yon bon bout tan ap travay toudabò nan yon boulanjri.

Apre sa, nou jwenn li t'ap travay kay Jean-Marie Moïse, ki te yon gwo zotobre nan Pòtoprens.

Ulyssia te konn mennen François avè'l kay Jean-Marie Moïse.

François te konn menm jwe avèk yon lòt ti gason ki te nan kay la, yon ti bofis Jean-Marie Moïse ki te rele Lascaze Bernardin.

Pandan kanpay elektoral la, se avèk anpil plezi, anpil kè kontan, Doktè Duvalier te konn ap di: “J’ai grandi sur les genoux de Jean-Marie Moïse.”

Ki vle di an kreyòl, lè'l te timoun, li te konn chita sou kwis Jean-Marie Moïse.

Pou Ulyssia Abraham, manman François Duvalier, sa pa t dire lontan. Apre'l te fè yon gwo kriz, yo te al entène'l lopital, e li te mouri.

Lè sa a, François Duvalier te yon timoun ki poko menm gen senk an.

Anfans ak Edikasyon

Duvalier se te yon timoun fèmen. Li pa t gen ti zanmi, ni li pa t konn jwe nan lari ak lòt timoun nan katye kote'l te rete a. Se sa'k lakòz li te toujou sèl.

Li te travay byen lekòl. Anplis de sa, li te renmen li nan gwo liv.

Lise Pétion, kote'l t'al lekòl, li te gen chans gen de savan tankou Doktè Jean Price-Mars kòm pwofesè syans sosyal, e Dumarsais Estimé kòm pwofesè matematik.

Fòk nou di de moun sa yo te jwe gwo wòl nan fòmasyon entelektyèl ansanm ak fòmasyon politik Doktè François Duvalier.

Lè Duvalier fin fè klas Lise Pétion nan lane 1928, li t'al konpoze Lekòl Militè pou'l te vin ofisye nan Lame d Ayiti. Men li pa t pase egzamen pou'l te antre nan Lekòl Militè.

Apre sa, Duvalier te antre Lekòl Medsin, kote'l te diplome medsen nan lane 1934.

Maryaj ak Fanmi

Akòz Doktè Duvalier te gen yon karaktè fèmen, dapre sa'k di, se kèk zanmi'l ki te fini pa kare'l ak yon bèl grimèl ki te rele Simone Ovide.

Il se trouve dam sa a t'ap travay kòm enfimyè nan menm lopital kote Doktè Duvalier t'ap travay la.

Yo te marye nan Legliz Sen Pyè, Petyonvil, nan dat 23 desanm 1939.

Doktè Duvalier ansanm ak madanm li te gen kat pitit: Marie-Denise, Nicole, Simone ak Jean-Claude.

Doktè Duvalier te gen repitasyon yon bon pè de fanmi.

Lakay Doktè Duvalier, li te tyen a sa ke timoun li yo se franse yo pale.

Yo di li te montre anpil preferans, anpil afeksyon pou Marie-Denise, premye pitit fi li.

Karyè Medikal ak Sante Piblik

Apati lane 1943 jouk rive lane 1946, Doktè Duvalier te chèf Klinik Riral Gresye, yon gwo klinik blan ameriken yo te monte nan peyi a pou konbat pyan.

Pyan sa a, se te yon bann gwo bouton plen pi ki te konn leve sou tout kò e sou tout anba plat pye moun ki te trape maladi sa a.

Maladi pyan sa a te fè anpil ravaj nan mitan peyizan yo.

Nan mache trete peyizan ki te gen pyan, Doktè Duvalier te konn al fè klinik plizyè kote andeyò.

Yo di se li ki premye itilize penisilin ann Ayiti pou trete pyan.

Fòk nou di penisilin nan te bay bonjan rezilta nan mitan peyizan li te trete yo.

Doktè Duvalier te jwenn yon bous gouvènman meriken pou'l al etidye sante piblik nan Inivèsite Michigan, Ann Arbor, Ozetazini.

Li te pati an 1944 e li te retounen ann Ayiti an 1945.

De 1945 a lane 1946, Doktè Duvalier te chèf Seksyon Kontwòl Malarya nan yon misyon sanitè blan meriken yo te louvri nan peyi a.

An 1946, li te direktè Sèvis Nasyonal Sante Piblik.

De 1946 jouk rive 1948, li te direktè yon kanpay nasyonal ki t'ap fèt pou trete moun ki gen pyan.

De 1948 jouk rive lane 1950, sou gouvènman Prezidan Dumarsais Estimé, toudabò Doktè Duvalier te sou-sekretè deta Travay; apre sa, li te vin minis Travay ak Sante Piblik.

Finalman, de lane 1951 jouk rive lane 1954, Doktè Duvalier te travay kòm medsen-konsiltan nan Service Coopératif Interaméricain de Santé Publique.

Papa Doc ak Travay Entelektyèl Li

Akòz rapò ak bonjan kontak Doktè Duvalier te gen ak peyizan yo li te bay laswenyaj, se sa'k lakòz peyizan yo te ba'l yon ti non jwèt. Yo te rele'l Papa Doc.

Kòm entelektyèl, Doktè François Duvalier te youn nan fondatè revi ak jounal Les Griots. Li te manm plizyè sosyete, plizyè akademi.

Depi lane 1934 jouk rive lane 1969, li te kolabore e li te pibliye, ann Ayiti tankou nan peyi etranje, anpil rezilta rechèch li te fè sou listwa, sou la medsin, sou la kilti e sou la politik.