Koleksyon› Paj Listwa: Istwa Ayiti› Gouvènman Prezidan François Duvalier (1957-1971)
Volim 11 · Chapit 4

Aktivite politik e tanperaman Doktè Duvalier

Chapit sa a egzamine aktivite politik François Duvalier soti nan lane 1946 rive sou gouvènman Magloire, epi li konpare tanperaman li anvan ak apre li te vin prezidan.

Tab matyè
Chapit yo
  1. Volim 11 · Chapit 1Kiyès ki te Jeneral Antonio Kébreau? E kiyès ki te Clément Jumelle?
  2. Volim 11 · Chapit 2Kiyès ki te agwonòm Louis Déjoie?
  3. Volim 11 · Chapit 3Kiyès ki te Doktè François Duvalier?
  4. Volim 11 · Chapit 4Aktivite politik e tanperaman Doktè Duvalier
  5. Volim 11 · Chapit 5Èske Duvalier te gen konesans mistik?
  6. Volim 11 · Chapit 6Kanpay elektoral 1957
  7. Volim 11 · Chapit 7Eleksyon prezidansyèl
  8. Volim 11 · Chapit 8De 22 septem a 22 octob 1957
  9. Volim 11 · Chapit 9Premier jour, président du valier au pouvoir.
  10. Volim 11 · Chapit 10Tout d'abord Kagula, apre sa tonton makout.
  11. Volim 12 · Chapit 11Rencontre président du valier d'abord ak Clément Jumel,
  12. Volim 12 · Chapit 12General Kebro apre eleksyon
  13. Volim 12 · Chapit 13Duvalier pral kouri al genel Kebro
  14. Volim 12 · Chapit 14Apre General Kebo, di wale pal kouri ak Major Preswapier.
  15. Volim 12 · Chapit 15Se kounye ya, prezident Duvalier pa al gen problem
  16. Volim 12 · Chapit 16Sityasyon pral vin anko pi malouk
  17. Volim 12 · Chapit 17Premier invasion
  18. Volim 12 · Chapit 18SITUASYON APRE PREMIER INVASYON
  19. Volim 12 · Chapit 19Militien, Tonton Makout, Faudimanche, Clément Barbeau
  20. Volim 12 · Chapit 20Merin Merikè,
  21. Volim 13 · Chapit 21Tribulation la famin jumel
  22. Volim 13 · Chapit 22Chapit 22
  23. Volim 13 · Chapit 23Yon dezyam evasyon
  24. Volim 13 · Chapit 24di, mwen se met peyi ya,
  25. Volim 13 · Chapit 25Sityasyon ekonomik peyi
  26. Volim 13 · Chapit 26Program potekole
  27. Volim 13 · Chapit 27gwoze pou let yo ki nan ame da iti,
  28. Volim 13 · Chapit 28Di valye pou aleve kont pe, an san mak konseye franse l'eglise katolik yo ki nan pe iya.
  29. Volim 14 · Chapit 29Asasina Dokter Roger Rousseau
  30. Volim 14 · Chapit 30Arrestasyon Clement Barbeau
  31. Volim 14 · Chapit 31KOUMAN SISTEM EDUKASYON ANTEYE NAN PEYI YA?
  32. Volim 14 · Chapit 32Grev elev ak etudyan
  33. Volim 14 · Chapit 33Konsekans greve eleve ak etidyan yo pou peyi ya
  34. Volim 14 · Chapit 34MOUVEMENT KOMUNISTE
  35. Volim 14 · Chapit 35Du valye pal bay pou ap tete pal yo kou d'eta.
  36. Volim 14 · Chapit 36Jou de la Rekonnesse Nationale
  37. Volim 14 · Chapit 37Pozisyon gouvernement amerikain vis-a-vis du valier
  38. Volim 14 · Chapit 38Kouman situasyon pou alye apre sa?
  39. Volim 14 · Chapit 39Chapit 39
  40. Volim 15 · Chapit 40Divalye pou al liberer Clement Barbeau
  41. Volim 15 · Chapit 41Tentative Koudeta 14 Avril 1963
  42. Volim 15 · Chapit 42Clemant Barbo pa leve kampe kondivalye.
  43. Volim 15 · Chapit 43Babo pa leseye kidnapè Jean-Claude Duvalier.
  44. Volim 15 · Chapit 44Kitè plan Clément Barbeau?
  45. Volim 15 · Chapit 45Sa kite pase an vant tentative kidnapping Jean-Claude sa?
  46. Volim 15 · Chapit 46Kris diplomatik ant Haiti e la Republik Dominikèn
  47. Volim 15 · Chapit 47Komasman mwa me 1963
  48. Volim 15 · Chapit 48La jounen 15 me 1963
  49. Volim 15 · Chapit 49Jounal Le Nouveau Monde.
  50. Volim 15 · Chapit 50Jouman di valye fè pa tombe nan dat 15 me 1963?
  51. Volim 16 · Chapit 51Rezon ki fè du valye pa tombe nan dat 15 mai 1963
  52. Volim 16 · Chapit 52Mois de la reconnaissance nationale
  53. Volim 16 · Chapit 53Konseil Nasional de Devloupment et de Planifikasyon Konadep
  54. Volim 16 · Chapit 54Le mort Clément Barbeau
Vèsyon audio
0:00 --:--
Aktivite politik e tanperaman Doktè Duvalier

Chapit 4: Aktivite politik e tanperaman Doktè Duvalier

Aktivite Politik

Lamenm apre ranvèsman Prezidan Élie Lescot nan dat 11 janvye 1946, nou jwenn Doktè François Duvalier kòm manm Pati Nasyonal Demokratik. Pati politik sa a, se Doktè Jean Price-Mars ki te fòme'l e ki t'ap dirije'l.

Fòk nou konnen, nan tan sa a, se pa't pèp la, men se te pito depite ak senatè ki te konn al vote Lachanm pou nonmen yon prezidan. Sepandan, kèk tan anvan eleksyon ki te gen pou fèt Lachanm nan dat 16 dawout 1946 pou nonmen yon prezidan, Doktè Duvalier te lage pati politik Doktè Jean Price-Mars la, e nou twouve'l kòm manm MOP, ki se Mouvman Ouvriye Peyizan, yon pati politik Pwofesè Daniel Fignolé t'ap dirije.

Lè sa a, MOP yo t'ap soutni Kolonèl Démosthènes Pétrus Calixte kòm kandida alaprezidans. Kolonèl Calixte sa a, se blan ameriken yo ki te fòme'l, e nou jwenn li premye kòmandan Gad d'Ayiti lè blan ameriken yo t'ap leve premye okipasyon peyi a nan dat premye dawout 1934.

Anvan eleksyon ki te gen pou fèt nan dat 16 dawout 1946 la, li te klè se Dumarsais Estimé ki t'ap pase kòm prezidan. Fignolé ansanm ak Doktè Duvalier te tèlman kont Estimé. Yo t'ap fè plan pou a minwi lavèy eleksyon an, yo fè mete dife plizyè kote nan Pòtoprens, konsa, rive mete presyon sou palmantè yo e fè yo vote Démosthènes Pétrus Calixte prezidan d'Ayiti.

Kòm nan eleksyon an se Dumarsais Estimé ki te pase kòm prezidan, apèn li monte sou pouvwa, li nonmen Daniel Fignolé minis Edikasyon Nasyonal, e Doktè François Duvalier direktè jeneral Sante Piblik.

Sepandan, apre sèlman de mwa, nan aswè 20 oktòb 1946, Fignolé te monte nan radyo e li te denonse piblikman pozisyon Doktè Georges Rigaud, ki te minis Komès, te pran kòmkwa Doktè Rigaud t'ap konspire pou ranvèse gouvènman Estimé e, ak yon ekip milat tankou li menm, pran pouvwa a. Fignolé te pwofite pou'l te denonse Senatè Louis Déjoie tou, ansanm ak Senatè Max Hudicourt.

Gwo deklarasyon sa yo Fignolé te al fè nan radyo te koze yon si gwo kriz pou gouvènman an, Prezidan Estimé te fòse Fignolé bay demisyon'l. Duvalier, kòm sekretè jeneral MOP, pa solidarite ak pati a, te blije suiv Fignolé, e nan dat 9 novanm li te bay demisyon'l nan gouvènman Estimé.

De jou apre, nan dat 11 novanm 1946, Fignolé te akize Duvalier ke'l pa't gen kalite pou'l sekretè jeneral yon pati politik tankou MOP. Lamenm, Duvalier te kouri kite MOP. Duvalier ak Fignolé, depi lè sa a, te vin lènmi jouk yo mouri.

Apre sa, Duvalier te retounen al jwenn Estimé, e li te rete nan gouvènman Estimé jouk Estimé te tonbe apre yon koudeta Lame d'Ayiti te ba'l nan dat 10 me 1950. Soti lane 1954 jouk rive lane 1956, Duvalier, ki t'ap fè opozisyon kont gouvènman Magloire, te blije pran rak, li t'al kache.

Tanperaman Doktè Duvalier

Pou'n fini chapit sa a, ann eseye fè yon ti analiz sou tanperaman Doktè Duvalier. Pou moun ki te konnen'l byen, yo di Doktè Duvalier te prezante de tanperaman. Li te tankou de moun, e youn pa't sanble ak lòt. Li te prezante yon premye tanperaman anvan li te prezidan, e yon lòt tanperaman ki te diferan nèt ale apre'l vin prezidan.

Dapre moun sa yo, anvan li te prezidan, Doktè Duvalier se te yon entelektyèl, yon medsen pwofesyonèl, yon mesye senp, efase, onèt, chaje ak jantiyès, chaje ak koutwazi. Li te toujou gen yon gwo linèt nan je'l. Li te konn abiye ak kostim nwa, soulye nwa, chapo lèn nwa, chemiz blan. Olye de kravat, li te toujou gen yon nœud, sa vle di yon brezo, byen tache nan kou'l.

Li te minis sou gouvènman Estimé, e lè Estimé tonbe, li te soti avèk men pwòp. Yo pa't jwenn li te vòlè senk kòb lajan Leta.

Sepandan, apre Duvalier vin prezidan, toujou dapre moun ki te konnen'l byen, youn nan yo pa't ka rekonèt Duvalier ankò, paske li te vin chanje nèt ale. Li te vin yon lòt moun ki te prè pou'l fè tout bagay, ki te prè pou'l koupe, pou'l rache. E'l pa'tap rekile devan anyen, depi se pou'l te kenbe pouvwa a.