Koleksyon› Paj Listwa: Istwa Ayiti› Gouvènman Prezidan François Duvalier (1957-1971)
Volim 11 · Chapit 7

Eleksyon prezidansyèl

Chapit sa a rakonte eleksyon 22 septanm 1957 la, iregilarite ki te genyen nan rezilta yo, wòl Lame d'Ayiti ak fason François Duvalier te monte sou pouvwa.

Tab matyè
Chapit yo
  1. Volim 11 · Chapit 1Kiyès ki te Jeneral Antonio Kébreau? E kiyès ki te Clément Jumelle?
  2. Volim 11 · Chapit 2Kiyès ki te agwonòm Louis Déjoie?
  3. Volim 11 · Chapit 3Kiyès ki te Doktè François Duvalier?
  4. Volim 11 · Chapit 4Aktivite politik e tanperaman Doktè Duvalier
  5. Volim 11 · Chapit 5Èske Duvalier te gen konesans mistik?
  6. Volim 11 · Chapit 6Kanpay elektoral 1957
  7. Volim 11 · Chapit 7Eleksyon prezidansyèl
  8. Volim 11 · Chapit 8De 22 septem a 22 octob 1957
  9. Volim 11 · Chapit 9Premier jour, président du valier au pouvoir.
  10. Volim 11 · Chapit 10Tout d'abord Kagula, apre sa tonton makout.
  11. Volim 12 · Chapit 11Rencontre président du valier d'abord ak Clément Jumel,
  12. Volim 12 · Chapit 12General Kebro apre eleksyon
  13. Volim 12 · Chapit 13Duvalier pral kouri al genel Kebro
  14. Volim 12 · Chapit 14Apre General Kebo, di wale pal kouri ak Major Preswapier.
  15. Volim 12 · Chapit 15Se kounye ya, prezident Duvalier pa al gen problem
  16. Volim 12 · Chapit 16Sityasyon pral vin anko pi malouk
  17. Volim 12 · Chapit 17Premier invasion
  18. Volim 12 · Chapit 18SITUASYON APRE PREMIER INVASYON
  19. Volim 12 · Chapit 19Militien, Tonton Makout, Faudimanche, Clément Barbeau
  20. Volim 12 · Chapit 20Merin Merikè,
  21. Volim 13 · Chapit 21Tribulation la famin jumel
  22. Volim 13 · Chapit 22Chapit 22
  23. Volim 13 · Chapit 23Yon dezyam evasyon
  24. Volim 13 · Chapit 24di, mwen se met peyi ya,
  25. Volim 13 · Chapit 25Sityasyon ekonomik peyi
  26. Volim 13 · Chapit 26Program potekole
  27. Volim 13 · Chapit 27gwoze pou let yo ki nan ame da iti,
  28. Volim 13 · Chapit 28Di valye pou aleve kont pe, an san mak konseye franse l'eglise katolik yo ki nan pe iya.
  29. Volim 14 · Chapit 29Asasina Dokter Roger Rousseau
  30. Volim 14 · Chapit 30Arrestasyon Clement Barbeau
  31. Volim 14 · Chapit 31KOUMAN SISTEM EDUKASYON ANTEYE NAN PEYI YA?
  32. Volim 14 · Chapit 32Grev elev ak etudyan
  33. Volim 14 · Chapit 33Konsekans greve eleve ak etidyan yo pou peyi ya
  34. Volim 14 · Chapit 34MOUVEMENT KOMUNISTE
  35. Volim 14 · Chapit 35Du valye pal bay pou ap tete pal yo kou d'eta.
  36. Volim 14 · Chapit 36Jou de la Rekonnesse Nationale
  37. Volim 14 · Chapit 37Pozisyon gouvernement amerikain vis-a-vis du valier
  38. Volim 14 · Chapit 38Kouman situasyon pou alye apre sa?
  39. Volim 14 · Chapit 39Chapit 39
  40. Volim 15 · Chapit 40Divalye pou al liberer Clement Barbeau
  41. Volim 15 · Chapit 41Tentative Koudeta 14 Avril 1963
  42. Volim 15 · Chapit 42Clemant Barbo pa leve kampe kondivalye.
  43. Volim 15 · Chapit 43Babo pa leseye kidnapè Jean-Claude Duvalier.
  44. Volim 15 · Chapit 44Kitè plan Clément Barbeau?
  45. Volim 15 · Chapit 45Sa kite pase an vant tentative kidnapping Jean-Claude sa?
  46. Volim 15 · Chapit 46Kris diplomatik ant Haiti e la Republik Dominikèn
  47. Volim 15 · Chapit 47Komasman mwa me 1963
  48. Volim 15 · Chapit 48La jounen 15 me 1963
  49. Volim 15 · Chapit 49Jounal Le Nouveau Monde.
  50. Volim 15 · Chapit 50Jouman di valye fè pa tombe nan dat 15 me 1963?
  51. Volim 16 · Chapit 51Rezon ki fè du valye pa tombe nan dat 15 mai 1963
  52. Volim 16 · Chapit 52Mois de la reconnaissance nationale
  53. Volim 16 · Chapit 53Konseil Nasional de Devloupment et de Planifikasyon Konadep
  54. Volim 16 · Chapit 54Le mort Clément Barbeau
Vèsyon audio
0:00 --:--
Eleksyon prezidansyèl
Mòd ekout

Chapit 7: Eleksyon prezidansyèl

Konsèy militè a

Nan Conseil militaire de gouvernement, minis yo Jeneral Kébreau te chwazi yo, yo tout se militè yo te ye. E la menm, avèk konkou gwo ofisye yo, Kébreau te pran tout yon seri de mezi pou pèmèt Doktè François Duvalier pran pouvwa. Se konsa, pou kòmanse, Kébreau te fè refòm nan lame, e li te mete sou kote kèk ofisye ki pa't twò dakò ak zafè bay Duvalier pouvwa. Apre sa, te gen yon bann lòt dispozisyon ki te pran pou defann moun fè grèv; yo te siprime libète de laprès, e yo te mete baboukèt nan bouch tout moun pou anpeche yo pale. Lapolis te kapab al fouye kay e arete nenpòt ki moun, sa'k lakòz yo te arete e al bouche nan prizon anpil patizan Louis Déjoie, patizan Daniel Fignolé, ansanm ak patizan Clément Jumelle.

Dat eleksyon an

Finalman, nan dat 2 dawout 1957, Ministère de l’Intérieur, nan yon communiqué, fè konnen eleksyon jeneral pral fèt nan dat 22 septanm. Pou eleksyon sa a, pa'p genyen okenn enskripsyon ki pral fèt davans, ni pa'p gen lis elektoral. Jou eleksyon an, elektè yo ap jwenn bilten pou yo vote anndan biwo kote yo pral vote a, e si yo vle, yo ka menm fè pwòp bilten pa yo. Pou sa yo ki pa konn li ni ekri, ap gen anplwaye anndan tout biwo yo ki pral la pou ede yo ranpli bilten de vòt yo. Lè ou konnen se Lame d'Ayiti ki pral sipèvize, jou eleksyon an, tout sa ki pral fèt nan tout biwo de vòt yo, ou ka prevwa deja tout gagòt ki te pral fèt nan eleksyon sa a, kòm li te klè pou tout moun Lame d'Ayiti pral fè yon vye eleksyon bouyi vide.

Jumelle retire kandida li

De jou anvan dat eleksyon, Clément Jumelle deklare li retire kandidati'l a la prezidans. Jumelle voye mande Louis Déjoie pou'l fè menm jan, pou ansanm yo denonse davans Lame d'Ayiti pral fè yon vye eleksyon ofisyèl, e konsa bay Duvalier pouvwa a. Déjoie te refize retire kandidati'l, e li deklare li konsanti pou'l pote'l tankou yon victime de la conscience nationale. Tout sa, se te bèl fraz, se te pale franse.

Rezilta ofisyèl eleksyon an

Dimanch 22 septanm 1957, eleksyon jeneral pou nonmen yon prezidan, 21 senatè, 37 depite, ansanm ak majistra kominal, te fèt nan tout peyi. Lè, apre kèk jou, yo pibliye rezilta eleksyon, yo jwenn Duvalier te gen 630,509 vwa, e Déjoie 249,956 vwa. Konsa, Duvalier te genyen eleksyon, e li te pase kòm 36yèm prezidan Ayiti.

Iregilarite nan rezilta yo

Byen vit, anpil moun te wè rezilta yo montre klèman se te yon eleksyon pikekole. Te genyen anpil bagay ki te fèt jou eleksyon an ki pa kòrèk. Kòm egzanp, yo bay nan zile Lagonav: yo te konte 18,841 bilten pou Duvalier, e 463 pou Louis Déjoie. Lè yo gade rezilta resansman ki te fèt nan lane 1950, li te klè yo pa't ka jwenn tout kantite moun sa yo ki t'ap viv nan zile Lagonav, ki te gen laj legal ki te ka pèmèt yo al vote. Sa'k te fè tout moun ankò pi sezi, se lè yo aprann Louis Déjoie, ki te an menm tan kandida a la prezidans e kandida o Sena pou Département du Sud, pa't rive pase kòm premye senatè nan Département du Sud kote Louis Déjoie te sèl kòk chante.

Depite ak senatè ki te pase yo

E sa ki te parèt ankò pi lèd, se lè yo wè tout depite ansanm avèk tout senatè yo ki te pase, yo tout se patizan Duvalier yo te ye, eksepte Amerlin Condé, ki te pase kòm depite Okay, e Franck Séraphin, ki te pase kòm depite Pòtoprens. E se de sa yo sèlman ki te patizan Déjoie. Apre sa, tout rès yo se patizan Doktè Duvalier yo te ye.

Lame a jou eleksyon an

Jeneral Antonio Kébreau, ansanm ak gwo ofisye yo ki te divalyeris tankou li menm, se yo ki vrèman te voye Duvalier monte. E dapre sa'k rapòte, Kolonèl Franck Beauvoir te pase tout jounen sa a nan biwo'l anndan Casernes Dessalines, kote'l te fè enstale yon bann telefòn ki te pèmèt li sipèvize, kontwole kouman tout bagay t'ap dewoule nan tout peyi a jou eleksyon an. Kidonk, kòm nou ka wè, sa'k te fèt nan dat 22 septanm 1957 la, se pa't vrèman yon eleksyon, men se pito yon seleksyon e menm yon maskarad, paske eleksyon te fèt jan'l te fèt la.

Yon seleksyon

Il se trouve Doktè Duvalier monte o pouvwa san'l pa't genyen yon bonjan mandat populaire. Konsa, an lagan, Duvalier te twouve'l anfas plizyè sektè ki pral lage de gidon nan deng li. E se sa'k fè anpil moun te kwè sa pa'p dire, e anvan lontan Lame d'Ayiti pral kapote Doktè Duvalier. E kòm listwa pral rapòte, apre anpil arestasyon, anpil maspinay, anpil vyolans, Doktè Duvalier te fini pa eklate yo tout youn apre lòt, e konsa'l te rive konsolide baz li, kenbe pouvwa pandan 13 an 6 mwa, e menm apre sa'l te rive transfere pouvwa fasilman bay pitit gason li Jean-Claude Duvalier, ki lè sa a te yon jennonm ki pa't gen plis ke 19 an.